Ede m Pote

Ane 2010

Istwa Nou


Ede M Pote
Nan lanne 2010, Bebe ak Papiyon t ap fè emisyon “Onè Respè” nan yon radyo Brockton. Nou te gen anpil fanatik ki t ap sipòte nou; nou te gen anpil oditè nou t ap sipòte tou. Lide yon Fondasyon t ap jèmen nan tèt nou.

Nan lanne 2013 nou fonde “Mouvman Ede M Pote”. Se yon mouvman Ayisyen pou Ayiti, Ayiti pou Ayisyen, Ayisyen pou Ayisyen, Ayisyen pou moun, moun pou moun, moun pou Ayisyen. Nou pa fè diferans koulè, ras, relijyon, sèks ak edikasyon.

"Ede M Pote" se yon mouvman pou tout moun ki wè moun pou moun. Ede m pote lè m gen chay, m ap ede w pote lè w gen chay.