Team Lift

Ki Moun Nou Ye?

Vizyon Nou:
Se pou n fè yon rasanbleman tout dirijan gwoup k ap travay pou fòmasyon moun ki gaye nan monn nan kèlkeswa kwayans, edikasyon ak kondisyon ekonomik yo. Pou yon fòmasyon tèt ansanm pou pwogrè kiltirèl, spirityèl ak entèlektyèl.. Moun ki genyen menm ideyoloji : ki wè moun tankou moun.

Misyon Nou:

Se pou n fè rasanbleman sa a ak tout moun ki santi nesesite pou n fe fòmasyon pou liberasyon kiltirèl nou, spirityèl nou ak entelektyèl nou, nan fanmi nou ak peyi nou pou yon demen miyò.

Fòmasyon

Moun

Spirityèl

Peyi Nou

Kijan nou panse fè rasanbleman sa a ?

  1. N ap kreye yon sistèm kominikasyon ki a nivo tout moun
  2. N ap pataje konesans nou genyen
  3. N ap ede youn lòt jan nou kapab
  4. N ap derasine prejije kiltirèl, spirityèl ak entelektyèl
  5. N ap kole zepòl ak pèp nou, zansèt nou, e tout moun lòt pèp ki vle mete men nan travay konsyantizasyon an.

Ki Mwayen N ap Sèvi ?

N ap idantifye lidè nan diferan kominote
60% Complete
N ap pale nan radyo, nan televizyon, fas a fas, nan telefòn, sou entènèt, eks
80% Complete
N ap prezante konferans nan diferan peyi
95% Complete
N ap rekonsilyie fanmi ki premye grenn ki pou jèmen
90% Complete